Ou fè prèske tout bagay.
Ou bay sèvis la, reponn kliyan, fè swivi, epi jere biznis la. Ou ta renmen jwenn yon ti souf.
ATELYE PRATIK · AK PITRENSVENTRA PREZANTE · YON ATELYE AK PITRENS
Pote laptop ou ak yon travay nan biznis ou ki pran twòp tan. Pandan 3 èdtan, n ap sèvi ak AI pou travay sou li ansanm. An kreyòl, etap pa etap.
Indianapolis · Dimanch 27 septanm 2026
POU KI MOUN?
Ou reponn telefòn, prepare mesaj, fè swivi, epi toujou gen sèvis pou bay. Si ou tande pale de AI men ou pa konnen ki kote pou kòmanse, atelye sa a fèt pou ou.
Ou bay sèvis la, reponn kliyan, fè swivi, epi jere biznis la. Ou ta renmen jwenn yon ti souf.
Mesaj, dokiman, piblikasyon. Ou vle wè si AI ka ede w fè travay sa yo pi fasil.
Ou pa bezwen konn pwograme. Vini ak kesyon ou yo ak volonte pou pratike.
SA N AP FÈ ANSANM
Men kèk egzanp pou ede w chwazi. Ou pral pratike sou yon travay ki itil pou biznis ou, ak èd pandan w ap avanse.
Prepare yon repons ki klè, ak ton pa ou, san envante pri oswa disponiblite.
Repran kontak ak yon kliyan ki te mande enfòmasyon, san mete presyon sou li.
Sèvi ak detay reyèl sou sèvis ou pou prepare yon pòs ou ka korije epi pataje.
Transfòme nòt ou yo an yon deskripsyon senp kliyan ka konprann.
M ap montre egzanp nan defi mwen an, soti nan konvèsasyon rive nan yon sit anliy.
Kenbe kontèks ak enstriksyon ou yo pou w ka reprann menm travay la demen.
Egzanp fiktif · yon biznis netwayaj
Vini ak yon kesyon.
Pran tan pou eseye.
Reprann kontwòl sou yon ti pati nan travay ou.
SA OU KA POTE AVÈ W
PWOGRAM NAN
180 minit, ak yon poz ladan yo. Plis tan pou pratike sou biznis ou, resevwa èd, epi amelyore premye rezilta ou.
Nou fè konesans, verifye kont ak zouti yo, epi chwazi yon travay reyèl pou chak moun.
Pitrens montre kijan li bay AI kontèks, poze kesyon, epi verifye rezilta yo ak yon egzanp nan defi li a.
Nou avanse etap pa etap sou menm egzanp lan. Ou eseye, poze kesyon, epi ajiste enstriksyon ou yo.
Dis minit pou pran yon souf anvan nou antre nan travay pa ou.
Ou gen 55 minit pou prepare yon rezilta ki itil pou ou, ak èd pandan w ap travay.
Nou revize kèk egzanp, chèche sa ki manke, epi amelyore rezilta yo ansanm.
Ou konsève enstriksyon ou yo, poze dènye kesyon yo, epi chwazi sa w ap teste semèn nan.
ANIMATÈ ATELYE A · FONDATÈ VENTRA
Ernst Pierre · Fondatè Ventra
Nan kominote a, ou konnen m kòm Pitrens. Avèk ajans mwen an, Ventra, mwen bati sit entènèt ak solisyon AI pou biznis sèvis. Kounye a, m ap dokimante yon defi: jwenn bezwen reyèl, sèvi ak AI, epi montre sa ki mache ak sa ki bezwen koreksyon.
Se menm jan an n ap travay nan atelye a. M ap montre etap mwen yo, epi m ap akonpaye w pandan ou eseye pa ou. N ap aprann nan sa nou fè.
SA POU POTE
N ap voye enstriksyon pou prepare kont ak zouti ou yo anvan sesyon an.
Yon mesaj kliyan, nòt sou sèvis ou, oswa yon piblikasyon ou ta renmen prepare. Retire enfòmasyon prive kliyan yo anvan ou sèvi avè yo.
Ou pa gen laptop? Yon telefòn ka sèvi pou egzèsis tèks la.
DETAY ATELYE A
Jiska 15 moun, pou nou ka pratike ansanm epi ede chak moun avanse.
ENSKRIPSYON
Chwazi yon travay nan biznis ou. Vini pratike pandan 3 èdtan ak Pitrens, epi prepare yon premye rezilta ou ka revize ak amelyore.
$50 USD · Jiska 15 moun
Ak Pitrens · 3 èdtan an pratik
27 septanm 2026 · 4:00 PM–7:00 PM
6767 E Washington St · Indianapolis
Dat enskripsyon pou edisyon sa a pase.
Enskripsyon fèmenKÈK REPONS ANVAN OU VINI
Wi. Nou kòmanse ak yon egzanp senp epi nou avanse ansanm. Pa bezwen konn pwograme. N ap voye enstriksyon pou prepare kont ou anvan sesyon an.
Atelye a fèt sitou an kreyòl ayisyen. Li ouvè pou moun ki alèz suiv sesyon an nan lang sa a. Ou ka travay sou mesaj kliyan ou yo an kreyòl oswa an anglè.
N ap gade yon egzanp sit ki fèt ak AI. Pratik nan sesyon sa a konsantre sou yon travay ou chwazi pou biznis ou; bati yon sit konplè pa fè pati pwogram twa èdtan an.
Pri $50 la se pou atelye a. N ap presize zouti ak kont ou bezwen yo, ansanm ak nenpòt depans apa, anvan atelye a. Ou ka rele Pitrens si ou gen kesyon anvan ou enskri.
Pou konnen kondisyon anilasyon ak ranbousman yo, rele oswa voye yon mesaj bay Pitrens nan (317) 496-6871 anvan ou peye.